Eske Honduras ap Admèt Yon Lòt Fwa Ankò nan OEA?

Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) anonse yon Asanble Jeneral premye jen k ap vini la a kote delege yo pral deside si wi ou non y ap admèt yon lòt fwa ankò peyi Honduras nan òganizasyon an.

OEA te mete Honduras deyò apre kou deta 28 jwen 2009 la ki te retire sou pouvwa a prezidan nan moman an Manuel Zelaya.

Sepandan anons OEA a ki parèt madi 24 me 2011 la, vini kèk jou apre mesye Zelaya ak aktièl prezidan an Porfirio Lobo te jwenn yon akò k ap ouvè pòt pou ansyen prezidan an retounen peyi l san li pa tonbe anba pouswit lajistis.

Akò sa a te siyen nan vil Katajèn nan peyi Kolonbi ak asistans prezidan kolonbyen an Juan Manuel Santos ak prezidan venezuelyen an Hugo Chavez.