Etazini: Enpak Atak 11 Septanm yo Sou Sòlda Ameriken ak Fanmi yo

Etazini: Enpak Atak 11 Septanm yo Sou Sòlda Ameriken ak Fanmi yo

Atak teworis 11 septanm ki fèt sou Lèzetazini tradwi mechanste yon gwoup moun ki gen apil mechanste nan kè yo kote yo pa kapab tolere moun ki pa fè pa pati ti gwoup yo oubyen ti klan yo ki genyen yon pakèt kwayans tèt-anba.

Atak sa yo lage dèy nan mitan popilasyon mondyal la paske se tout kalte moun: tout ras, tout relijyon, tout laj, tout koulè ki peri sitou nan Tour Marasa World Trade Center a nan vil Nouyòk ki se bastyon kativite mounn ki soti tout kote sou latè.

Atak teworis sa yo chanje lavi nou e pwovoke anpil konsekans sou planet la pami yo gè ann Irak e nan Afganistan ki pran lavi kèk brav sòlda ameriken ki aksepte ofri yo an sakrifis lè yo reponn “à l’appel du devoir”

Vrèman vre , plis pase 6 mil sòlda ameriken pèdi lavi yo nan lagè ann Irak e nan Afganistan apre atak teworis sou Etazini nan dat 11 septanm 2001. 44 mil lòt retounen blese e konney y ap rekontwi yon vi ke lagè ravaje.

Sèjan ameriken Jesse Williams te nan 3èm eksperyans lagè li, yon deplwaman ki t ap dire yon lane e ki t ap mache nan yon pakèt ki chaje ak bonm nan sid Irak lè yon kamyon frape vehikil militè li te ladann nan .

Madanm sèjan Williams, Samantha ki te gen 20 an ak yon ti moun sou bra l te resevwa lè sa a yon kout fil. Yo aprann li mari l nan sal dijans pou yon operasyon nan tèt nan nò vil Bagdad nan peyi Irak.

« Se te yon kou trè di! Mwen pat konnen sa pou m fè. Mwen pat konnen ki sa pwochèn etap-la t ap ye tout sa m te ka fè se chita, tann , poze kesyon. Mwen pa ta jamn renmen viv yon bagay konsa ankò, non jamè mwen ta renmen pase yon moman konsa ankò. »

Twomatism ak chòk ou pran nan sèvo , se bagay ki rive tout tan nan lagè a ann Irak. Sepandan doktè ki pou pran swen sèjan Williams pa janm fè operasyon nan sèvo anvan sa. E li konnen ke li dwe aji vit.

“Donk, li fè operasyonn . Pou l fè sa li e gen yon liv ouvè ak yon lòt chirijyen nan o palè yon telefòn pou l fè premye operasyon an pou l kapab stalilize m.”

Sèjan Williams rantre Ozetazini kote doktè retire yon gwo pati nan krann ni. Lè li reveye, li pat rekonèt madanm ni.

Samantha eksplike :

« Li jus pa sanble l e lit e du pou wè l , e li pat kapab reponn lè yo aple avèl. Li pat menm konnen mwen te la. Se te terib. Li te pi efreyan toujou pou li t ap gade tèt li. Mwatyenan kran-ni pa la. Li pa sonje anyen ---kidonk li pèdi memwa l. Li te gen difikilte pou l pale. Mwen te pè anpil pou m pat rete janm te ye a, pou m pat ka reprann mwen nèt, pou m pat ka ka tounen anko yon gason djanm, yon bon papa, yon bon mari, yon bon sòlda, yon frè, yon bon pitit gason.»

Sejan Adam Small, yon medsen nan Ft Lewis, akoz anpil egzèsis, antrenman ak gwo pwogrè ki fet nan domèn medikal la , sòlda ameriken yo plis chans pou jwenn gerizon. Mwen kwè nou pwobableman sove ant 70 a 80% blese nou yo ant antrenman nou yo ak ekipman nou fabrike . Sepandan , Dr Small k ap pale toujou, blese nan lagè nou yo, pa sèlman viktim anba chòk fizik sèlman.