Leta Ayisyen Manke Resous Pou Ede Viktim Inondasyon Ki Frape Plizyè Rejyon Ayiti
Achiv 2014- foto moun ki ta p resevwa asistans ann Ayiti
WASHINGTON, DC —
Premye minis pwovizwa ayisyen, an, Enex Jean-Charles, fè konnen leta pa gen ase resous nan kès li pou l ede moun ki viktim inondasyon dènye lapli yo pwovoke atravè peyi a. Sepandan, chef primati a ki tap reponn keyson laprès nan sena a anonse gouvènman an kòmanse bay viktim yo asistans ak mwayen l li dispoze nan men l kounye a.