Ekip Nasyonal Baskètbòl Maskilen Etazini an ap Jwe Yon Match Samdi

  • Jacquelin Belizaire

Ekip Nasyonal Baskètbòl Maskilen Etazini an ap debite mondyal baskètbòl la samdi 28 out la nan peyi Turki ak anpil konfyans apre li vannen Lagrès mèkredi 25 out la nan vil Atèn 87 a 59 nan kad match preparasyon l yo.

Viktwa sa a vini 3 jou apre yon lòt li te ranpòte sou Espay , chanpyon an tit la, 86 a 85.

Ekip amerikèn nan ki te fini 3e nan dènye mondyal baskètbòl la; twouve l nan edisyon sa a nan Gwoup B a ak Brezil , Sloveni, Iran , Tinizi.