Prezidan Etazini an Donald Trump fè konnen li pale nan telefòn ak Prezidan chinwa a, Xi Jinping, kote li di l Etazini gen entansyon onore politik “Yon Sèl Chin” nan e poutèt sa lap rekonèt pozisyon Lachin kòm souvren sou Taiwann kap dirije tèt li.
Deklarasyon sa a parèt kòm yon pa enpòtan nan direksyon pou amelyore relasyon ant 2 peyi yo ki te vin sou dout apre Mesye Trump te fin pale nan telefòn ak Prezidan Taiwann nan, Tsai Ing-wen, nan mwa desanm ane 2016 pase a.
Depi plizyè semèn, ensètitid tap gwosi sou avni relasyon ant Etazini ak Lachin lè Mesye Trump ak administrasyon li a te fè kòmantè ki pat fè otorite yo nan Peken plezi.