Gen Predispozisyon Pou Yon Akò Nan Dyalòg Politik Ayisyen Ant Ayisyen an, Dapre Edouard Paultre

Aktè politik ayisyen yo ki enplike nan dyalog "entè-ayisyen" an nan otè EL Rancho, nan Pétion-Ville, Ayiti, reyalize premye seyans travay yo jodi a avèk patisipasyon pati Fanmi Lavalas. Sosyete Sivil la gen reprezantan l tou nan dyalog la. Reveran Edouard Paultre, manm Konsèy Nasyonal Aktè-Non Etatik yo, CONANE, kap patisipe kòm obsèvatè, di Lavwadlamerik li konstate yon predispozisyon pou genyen yon akò.

Fè yon klik sou ikòn agòch, anba mo Multimidia a pou koute reyaksyon misye Paultre, manm plafòm Aktè-non-Etatik nan Sosyete Sivil la nan peyi Dayiti, CONANE.