Dezyèm Fowòm Sou Envestisman ann Ayiti Jwenn yon Bilan Pozitif

Prezidan Michel Martelly nan sermoni "poz premye ròch" Pak endistriyè Karakol, Kap Ayisyen

Plizyè pwotokòl akò, patenarya, antant ak pwomès envestisman, se bilan 2 jou Fowòm ki sot reyini plis pase yon milye antreprenè ayisyen ak etranje nan Pòtoprens soti 29 rive 30 novanm

Plizyè pwotokòl akò, patenarya, antant ak pwomès envestisman, se bilan 2 jou Fowòm ki sot reyini plis pase yon milye antreprenè ayisyen ak etranje nan Pòtoprens soti 29 rive 30 novanm.

Pou sekretè ekzekitif Konsèy Konsiltatif Prezidansyèl pou Envestisman, Karl Jean-Louis, Fowòm sa a te yon siksè. Reprezantan Ayiti nan Bank Entèamerikèn Devlopman, Eric Pierre, pataje menm opinyon an.

Ekonomis aysiyen an deklare: “Deplase 500 envestisè etranje pou fè yo ale ann Ayiti nan kondisyon aktyèl yo se deja yon siksè.”

Prezidan konpayi telefòn Digicel Haiti, Martin Boot konfime pwojè konstriksyon yon otèl Mariott nan Pòtoprens. Yon pwojè ki pral koute 45 milyon dola e ki pral pote yon diplis nan sektè touris la avèk konstriksyon 174 chanm.

“LS Cable and systems” yon konpayi koreyen ki spesyalize nan fabrikasyon kab ak fib optik siyen yon pwotokòl akò ak gouvènman aysiyen an pou kreye djòb ann Ayiti.

Mikwo-antreprenè nan sektè agrikòl aysiyen an pral benefisye yon pwotokòl akò Bank Entèamerikèn Devlopman siyen avek Federasyon Nasyonal Pwodiktè kafe nan peyi kolonbi pou apiye pwodiksyon kafe ann Ayiti. Yon akò ki prevwa yon 120 mil dola ameriken.

Lavèy ouvèti Fowòm nan, prezidan Ayisyen an, Michel Joseph Martelly, prezidan BID la, Luis Alberto Moreno, ansyen prezidan ameriken, Bill Clinton, ansyen prezidan meksiken, Vicente Fox ak plizyè lòt pèsonalite te patisipe nan seremoni "poz premye wòch" pak endistriyèl Karakòl nan depatman Nò peyi Dayiti.

Pwojè sa a k ap koute 225 milyon dola, jwenn finansman Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal USAID pou 125 milyon. Konpayi koreyen Sae-A deja enjekte 70 milyon dola.

Faktori sa a ki pral fabrike rad pou lòt konpayi tankou Wal-Mart, Target, Gap e latriye, di li pral kreye 20 mil djòb. 5 mil anplwaye pral jwenn kay pou yo rete. E 500 timoun ap kapab ale nan yon lekòl yo parl konstwi. Prezidan BID la bò kote pal espere ke pak endistriyèl la pral kreye pou pipiti 80 mil djòb.

Prezidan Martelly pwomèt kreyasyon 500 mil djòb sou yon peryòd 3 zan. Minis afè etranjè a, Laurent Lamothe pwomèt pou elimine obstak ki anpeche envestisè etanje yo al envesti lajan yo ann Ayiti.

Endistriyèl ayisyen, Charles Henri Baker, ki reyaji sou evenman 2 jou sa di li espere gouvènman ayisyen an pral pwofite momentòm sa a pou relouvri Bank Nasyonal Devlopman Agrikòl e Indistriyèl BENDAI pou fasilite ti envestisè yo jwenn lajan prete.

Charles Henri Backer ki aplodi inisyativ sa a fè konnen sekrite ak estabilite politik se 2 faktè endispansab pou konkretizasyon pwomès envestisman etranje sa yo.