Depite Ameriken Stephen Scalise pran yon bal tou pre Washington

Depite Texas, Roger Williams te sou kad woulan pou li te al pran swen nan sal dijans lopital apre yon nonm te louvri kout zam sou kèk palmantè Repibliken nan estad Eugene Simpson Park , 14 jen, 2017 la nan Alexandria, Virjini.

Yon polis nan Capitol Hill kap mache tou pre yon machin ki gen fenèt chofè a domaje sou sèn  kote yon nonm te tire sou kèk depite Repibliken nan Alexandria, Virjni, 14 jen 2017.

Polis nan Alexandria ak sekouris yo bloke ri East Monroe Ave a, nan Alexandria, Vrijini. 14 jen 2017.

Depite Repibliken Mo Brooks ki te sou plas sou sèn kote ensidan an te rive a, di chèn televizyon CNN ": Depite Scalise pat kapab fè oken mouvman poukont li."

Lapolis kap mennen ankèt sou sèn kote yon nonm te tire sou kèk depite Repibliken sou yon teren bezbòl nan Alexandria, Virjini. 14 jen 2017.

Moun kapab wè ajan sèvis ijans yo nan fenèt kote ki gen yon twou bal nan Alexandria, 14 jen 2017.

Chèf polis Alexandria a, Michael Brown di, "Pou le moman, tout endis nou rasanble nan vil sa a, montre se yon ensidan izole; men ankèt la pral dire lontan; se pral yon envestigasyon a lon-tèm."

Yon polis sou sèn kote ensidan 14 jen 2017 la rive nan Alexandria, Virjini kote yon nonm ame te louvri kout zam sou kèk depite Repibliken sou yon teren bezbòl.

Lapolis kap mennen ankèt sou sèn kote yon nonm ame tire  sou manm Repibliken nan Kongrè a pandan yon pratik bezbòl tou pre Washington nan Alexandria,14 jen 2017.

Ofisye lapolis kap mennen ankèt sou sèn ensidan an, sou teren bezbòl la nan Alexandria, 14 jen 2017.
 

Depite Tennessee a, Chuck Fleischmann, ki toupre sèn kote ki te gen tire a nan Alexandria, Vrijini. 14 jen 2017.

Depite Repibliken Jack Bergman, kap pale nan telefòn apre ensidan an sou teren bezbòl la nan Alexandria Virjini.

Touris ki tap vizite Capitol Hill la te fòse fè lòt wout apre ensidan ki te rive nan Alexandria a nan Virjini.

Yon polis nan Capitol Hill la kap fè pòs devan Chanm Reprezantan an, Capitol Hill nan Washington, 14 jen 2017.