Etazini-Politik: Hillary Clinton ap Aksepte Nominasyon Pati Demokrat la.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kandida a la prezidans pati demokrat la, Hillary Clinton.

Ozetazini, Hillary Clinton, ki sou sèn politik ameriken an depi plis pase yon jenerasyon deja, pral aksepte nominasyon pati demokrat la kòm kandida a la prezidans jodi jedi 28 jiyè 2016 la nan Filadelfi, Eta Pennsilvani, kote konvansyon nasyonal pati a rive sou dènye jou li. Madam Clinton genpou pran lapawòl pou l di sitwayen ameriken yo poukisa yo ta dwe fè l konfyans ase pou yo ba li plas chèf pouvwa egzezkitif la Ozetazini lè Prezidan Barack Obama va kite pouvwa an janvye 2017.

Hillary Clinton pandan li tap monte sou podyòm konvansyon pati demokrat la nan Filadèlfi, mèkredi 27 jiyè 2016 la.

Madam Clinton se premye fanm nan tout istwa peyi a ki rive jwenn nominasyon yon gwo pati poltik pou pòs prezidan an. Dapre ajans sondaj Gallup, se fanm sitwayen ameriken yo plis admire. Malgre sa, espesyalis an sondaj yo di gen anpil moun yo poze kesyon ki deklare yo pa fè l konfyans e se mank konfyans sa a ki fè pafwa li twouve li egal-egol ak rival repibliken li a, Donald Trump, nan entansyon vòt elektè yo.

Madam Clinton genyen 68 tan. Li te Sekretè Deta sou premye manda Prezidan Obama a ant 2009 e 2013 e mèkredi swa, nan fen aktivite 3èm jounen konvansyon an, li te parèt sou podyòm nan pou l te bay Misye Obama yon akolad manch-long aprè prezidan an te prezante anpil detay sou gwo konpetans li ak eksperyans li ki fè li pi kalifye pase tout moun, gason kou fanm, pou l okipe La Mezon Blanch.

Your browser doesn’t support HTML5

Entèvyou Serge F. Michel ak J.P. Leroy sou pwogram konvansyon pati demokrat la pou rès jounen jedi 28 jiyè 2016 la, nan Filadèlfi.

Pou detay sou pwogram konvansyon an pou dènye jounen an, nou envite w swiv anvwaye espesyal Lavwadlamerik nan Filadèlfi, Serge Michel, kap reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.