Vis Prezidan Chinwa a Xi Jinping rive nan Los Angeles pou dènye etap virewon l ap fè Ozetazini.
Plizyè evenman ekonomik ak kiltirèl dewoule pou souliyen relasyon ant 2 peyi yo. Mesye Xi te ale tou dwat nan Pò Los Angeles la yon pwen enpòtan komès ant la Chin ak Etazini. Manifestan te kanpe sou 2 ran pakou kòtèj la pou pwoteste kont kontwòl la Chin nan Tibè.
Gouvènè Kalifòni an Jerry Brown ak majistra vil la Antonio Villaraigosa te akonpaye vis prezidan Chinwa a nan tèminal pò a pou konpayi ekspòtasyon chinwa. Vis Prezidan Xi ki kapab pwochen prezidan chinwa an 2013 di li pa kapab jwenn pawòl pou l eksprime kontantmann.
Li di agrandisman pò a sou yon fondasyon solid pou avni kooperasyon ekonomik ant Etazini ak la Chin. Mesye Xi ap pran la pawòl nan Fowòm Ekonomik Chin/ Etazini an epi patisipe nan lòt evenman k ap konsantre sou komès ak envestisman.