Brezil Pare pou l Retire kèk Santèn Sòlda MINUSTAH Sou Teritwa Ayisyen an

Pandan yon vizit tou kout prezidan Brezil la, Dilma Roussef, fè nan peyi Dayiti, li fè konnen peyi li k ap dirije fòs MINUSTAH yo kounye a, pare pou retire kèk santèn sòlda sou teritwa ayisyen an.

Lidè Brezil la di tou gouvènman l lan pran desizyon pou akeyi plis pase mil imigran ayisyen chak ane.

Anbasadè brezilyen an ann Ayiti, Igor Kipman, pote kèk presizyon sou kesyon an pou Lavwad Lamerik.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute deklarasyon Anbasadè Igor Kipman.