Biwo Pakè Pòtoprens La Mande Palman an Leve Iminite yon Depite Pou Li Ka Konparèt devan Lajistis

Biwo Komisè Gouvènman an nan Pòtoprens voye yon lèt bay prezidan Chanm Depite a pou l mande leve iminite yon palmantè pou l ka reponn akizasyon dèske li ta mele nan zak kriminèl anvan eleksyon n kòm depite.

Non palmantè sa a se Arnel Bélizaire. Nouvèl la fè konnen lèt komisè gouvènman an ta vize tou kèk lòt manm palman an.

N ap raple sa pa gen lontan Misye Bélizaire te mele nan yon mezantant ak Prezidan Michel Martelly pandan yon gwoup palmantè t ap fè yon vizit nan Palè Nasyonal kote prezidan an ta lanse kèk pawòl piman bouk kont depite a.