Biden Pwomet Pou'l Mennen Ameriken ki Nan Afghanistan Tounen nan Peyi yo

Your browser doesn’t support HTML5

Prezidan Joe Biden pwomet pou'l mennen tounen Ozetazuni tout sitwayen Ameriken ki bloke nan peyi Afghanistan kounyea. Prezidan an fe pwomes sa a pandan yon diskou li te pwononse sou sityasyon an nan peyi a, ak evakyasyon sitwayen Ameriken kou etranje, depi la Mezon Blanch, Vandredi 20 Out, 2021.