Ayiti: Yon Gwoup Pwofesyonèl Lasante nan Latibonit Ap Reklame 3 Zan 10 Mwa Salè Leta Dwe yo

Your browser doesn’t support HTML5

Yon gwop pwofesyonèl lasante nan Latibonit ki di yo prè pou ede popilasyon an fè fas ak pandemi kowonaviris la fè konnen yo gen 3 zan 10 mwa depi leta ap itilize sèvis yo san yo pa janm peye yo. Nan moman peyi a bezwen sipò yo plis toujou, pwofesyonèl sa yo mande leta pou l panse ak yo.