Ayiti-Meteo: Siklòn Matthew Ap Rapousuiv Kous Li sou Peyi Dayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Van k ap soufle pandan pasaj siklòn Matthew sou Pòtoprens, Ayiti, 4 Oktòb. 2016.

Siklòn Matthew, yon tanpèt kategori 4, ap frape Ayiti ak kèk lòt peyi nan rejyon karayib la. Gwo lapli te koumanse tonbe depi nan lendi maten, kontinye pandan lannwit pou rive nan madi maten 4 oktòb 2016.

Sitiyasyon sa pwovoke gwo inondasyon nan lari e li oblige plizyè milye moun pran refij nan abri otorite yo prepare pou moun ki andanje pandan pasaj siklòn nan.

Pou pipiti gen 1 moun ki mouri e gen yon lòt ki disparèt anba frap siklòn nan.

Madam Chrisnette Saint Georges ap pote plis enfòmasyon sou pasaj siklòn Matthew nan odyo ki anba atik la.

Your browser doesn’t support HTML5

Madam Chrisnette Saint Georges Ap Pote Plis Enfòmasyon sou Pasaj Siklòn Matthew