Ayiti-Sekirite: Lapolis Arete Youn nan 7 Evade Prizon Gonayiv yo
Your browser doesn’t support HTML5
Pòtpawòl Enspeksyon Jeneral Lapolis la (IG PNH), Komisè Divizyonè Mack Wilkens Jean, fè konnen lapolis kontinye ap chèche 6 lòt prizonye ki te sove nan prizon Gonayiv la nan lannuit 17 pou rive 18 desanm 2016 la. Komisè Jean anonse tou sanksyon pou tout polisye ki konplis nan evasyon an.