WASHINGTON, DC —
-
Nan peyi d Ayiti, sitiyasyon an poko klè, daprè Sandra Dominique, jounalis Sal dè Nouvèl Lavwadlamerik la e kolaboratriss Sèvis Kreyòl la, ak korespondan nou nan Pòtoprens, Florence Lisené. Youn nan pi gwo pwoblèm ki prezante se rate dlo swa pou moun bwè, swa pou yo benyen, swa pou yo fè lòt sèvis. Machin piblik yo pa nan lari; pa gen aktivite nan mache piblik yo; epi anpil kote nan Pòtoprens, kapitala la, Ti Mari pa monte, Ti Mari pa desann. Moun ka gen lajan lakay yo, men yo pa ka achte anyen, paske swa atik yo pa disponib, swa pri yo monte disèt wotè; pandansetan pwovizyonyote gneyen lakay yo anvan dezòd yo te kòmanse preske fini san yo pa wè kijan yo pral fè pou yo ranplase yyo. Pri trafik la monte omwen 3 fwa lavalè, kit se pou taksi, kit se pou kamyonèt, kit se pou moto-taksi.Laprès konstate, menm nan kòmansman jounen lendi 9 jiyè 2018 la (swa 3 jou aprè dezòd yo te kòmanse samdi 7 jiyè pase a) mouvman atak kap fèt nan lari san diskriminasyon (tankou sou machin prive k ap pase) tandiske dechoukaj kontinye fèt --atak ak dechoukaj ki dewoule pafwa menm an prezans ajan lapolis.
Analis Clarens Renois
Analis Clarens Renois, ki pale ak Lavwadlamerik, panse sa ki ijan pou fè, se lansman yon dyalòg nasyonal ki poze pwoblèm yo onètman e ki gen ladan n tout eleman ki nesesè pou tabli konfyans ant diferan pati yo.M. Renois site kòm egzanp ki ka ilistre koz deteryorasyon sitiyasyon jeneral la, 2 zou 3 aksyon gouvènman Moise-Lafontant an poze e ki pa la pou kreye konfyans nan mitan popilasyon an an jeneral, e nan mitan opozisyon an an patikilye. Egzanp: lansman Karavàn Nasyonal la ki se yon aksyon inilateral gouvènman an ki pa t chache jwenn opinyon lòt sektè.M. Renois pale tou de desizyon gouvènman an pran pou l retounen ak FAD'H (Fòs Zame Dayiti) san konsilte lòt sektè yo sou yon aksyon enpòtan konsa pou tout peyi a. Lè moun reyaji pou di "Prezidan Moise pa t dwe pran desizyon sa a inilateralman", otorite yo reponn: "Nou fè l, nou fè l nèt."Clarens Renois ensiste sou sa li rele "nesesite pou tout sektè yo patisipe nan yon pwosesis de mizankonfyans" kote Ayisyen rekòmanse kwè nan bòn fwa ak bòn volonte Ayisyen parèy li. "Mwen pa ka di kiyès ki pi byen plase pou pran leadership yon travay konsa; se pa plas mwen dayè. Men se yon travay ki nesesè."