Ayiti-Politik: Prezidan Jovenel Moïse Lanse Ofisyèlman Karavann Chanjman an nan Okay

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kandida pou pòs prezidan, Jovenel Moïse, (nan mitan) pandan li tap vizite Jeremi apre pasaj siklòn Mattew nan rejyon sid la, Ayiti, Oktòb 6, 2016. Jovenel Moise se aktyèl prezidan peyi Dayiti. Foto: Reuters/Carlos Garcia Rawlins - RTSR4LK

Premye sitwayen aysiyen an vizite sid peyi a kote li pwomèt pou l repare wout ak kay epi netwaye kanal irigasyon yo. Korespondan Lavwadlamerik Jean Hernst Eliscar gen deklarasyon chèf leta a fè nan vil Okay pandan weekend nan.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarayon Prezidan Moïse la.

Your browser doesn’t support HTML5

Yon repòtaj Jean Hernst Eliscar sou deklarasyon Prezidan Jovenel Moïse fè nan vil Okay.

Yon lòt kote, gouvènman ayisyen an atravè Ministè Planifikasyon siyen yon akò Kad Devlopman Dirab ak Nasyon Zini vandredi 30 jen 2017 pase a. Korespondan Lavwadlamerik Orpha Dessources rapòte dokiman sa a gen ladan li 5 aks estratejik ki pral ede peyi a atenn Objektif Devlopman Dirab yo.

Klike soul yen odyo a pou w tande repòtaj Orpha a.

Your browser doesn’t support HTML5

Yon repòtaj Orpha Dessources sou patenarya ant Ayiti ak l' ONU pou yon pwojè Devlopman Dirab nan peyi a.

Pi lwen toujou, responsab elektoral yo ann Ayiti òganize yon atelye travay ak gouvènman lokal yo pou pale sou wòl yap gen pou jwe nan eleksyon endirèk yo dapre korespondans Lavwadlamerik Jean Christophe Collegue depi vil Mibalè.

Klike sou odyo a pou w tande repòtaj Jean Christophe College la.

Your browser doesn’t support HTML5

Yon repòtaj Jean Christophe Collegue depi vil Mibalè.