Ayiti: Otorite Lajistis yo Vle Libere Kèk Prizonye Pandan Moman Pandemi Kowonaviris la

Your browser doesn’t support HTML5

Minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Lucmanne Delille, fè konnen gen mezi ki kapab pran anfavè kèk detni pandan moman kowonaviris la, yon desizyon k’ap pran nan kad seyans travay li ki tanmen ak tout Komisè gouvènman 18 jiridiksyon premye enstans peyi a.