Mèt Camille Leblanc, Avoka Prezidan-Eli Ayisyen an Jovenel Moise, Reyaji sou Dosye UCREF la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Mèt Camille Leblanc, avoka Prezidan-eli ayisyen an Jovenel Moise.

Kabinè avoka Prezidan-Eli ayisyen Jovenel Moise ekri Unite Santral Ransèyman Finansye a (UCREF) pou l mande l rektifye erè ki nan rapò li.

Nan dat 18 janvye 2017, Direktè UCREF la, Sonel Jean Francois, te prezante bay laprès yon nimewo kont bankè an dola ameriken ki sou non Prezidan-eli a Jovenel Moise. Rapò sou kont bankè an dola ameriken sa a ta lese kwè pwochen chèf leta Ayiti mele nan blanchiman lajan. Mesye Jean Francois te deklare, “Rapò a pa gen erè ladann.”

Your browser doesn’t support HTML5

Deklarasyon Direktè UCREF la, Sonel Jean Francois, nan Laprès nan dat 18 janvye 2017

Sepandan, Mèt Camille Leblanc, avoka Prezidan-eli a di Lavwadlamerik kont bankè Direktè UCREF la mansyone a pa an dola ameriken men pito an goud ayisyen.

Your browser doesn’t support HTML5

Reyaksyon Avoka Prezidan-Eli Ayiti a Jovenel Moise

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou suiv deklarasyon Mè Camille Leblanc nan mikro Jean Pierre Leroy.