Ayiti: Plizyè Fanmi Fè yon Gwòt Tounen Kay yo Depi Apre Pasaj Siklòn Matthew nan Sid Peyi a
Yon gwoup moun ki kanpe deyò gwòt la kote yo fè tounen kay yo apre siklòn Matthew te lage yo nan lari.
Yon peyizan ki sou do yon bourik nan zòn Louwou, Jeremi, Ayiti
Yon ti gason kap viv nan gwòt apre siklòn Matthew te kraze kay paran li te abite ak li nan Jeremi.
Yon gwoup moun kap viv nan gwòt nan mòn Louwou Jeremi, Ayiti. Moun sa yo pase jounen yo nan lari. Men lè lapli ap tonbe yo antre nan gwòt la pou y al dòmi.
Moun kap soti nan gwòt nan mòn Louwou nan Jeremi, Ayiti. Foto: 31 mas 2017
Moun ki kanpe deyò gwòt la kote yo fè tounen kay yo apre siklòn Matthew te pote ale kay yo ak tout sa yo te pwosede. Jremi, Ayiti.
Timoun, fanm, ak gason kap viv nan gwòt depi apre pasaj siklòn Matthew te kraze kay yo nan Jeremi, Grandans, Ayiti. Foto: 31 mas 2017.
Moun kap soti nan gwòt nan mòn Louwou a, Jeremi, Grandans, Ayiti.
Yon kay siklòn Matthew detui san li pa kite anyen ladan pandan pasaj li nan Sid peyi Dayiti, Jeremi, Grandans nan mwa Oktòb 2016. Foto: 31 mas 2017.
Yo rekouvri do kay sa a ak yon prela pou dlo pa antre ladan epi yo kloure tòl sou kote li. Jeremi, Grandans, Ayiti. Foto: 31 mas 2017
Moun ki sinistre nan Jeremi apre pasaj siklòn Matthew nan mwa oktòb 2016. Grandans, Ayiti. Foto: 31 mas 2017
Kay sa a gen yon sèl grenn fèy tòl ki rete sou do li apre pasaj siklòn Matthew a nan Jeremi, Sid, Ayiti.
Dènye rès nan yon kay ki fèt an bwa, beton ak tòl. Siklòn Matthew detui li nan mwa oktòb 2016. Foto: Maglore Belenfant. Jeremi, Grandans, Ayiti, 31 mas 2017.
Yon ti kay ki fèt an tòl e ki kouvri ak yon prela ble nan Jeremi, Grandans, Ayiti. Foto: Magloire Belenfant. 31 mas 2017.
Sa se rès yon kay siklòn Matthew detui nan Jeremie, Grandans, Ayiti nan mwa oktòb 2016. Foto: Magloire Belenfant, Jeremi, Grandans, Ayiti. 31 mas 2017.
Kay sa ki pentire an vèt ak rouj e ki fèt ak beton, te sibi gwo domaj pandan pasaj siklòn Matthew nan mwa oktob 2016 nan Jeremi, Grandans, Ayiti. Foto: Magloire Belenfant, Jeremi, Ayiti. 31 mas 2017.
Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise pandan li tap pale ak abitan yo nan Jeremi devan gwòt la Vandredi 31 mas 2017.
Prezidan Jovenel Moise ak Premye Minis Jack Guy Lafontant nan Jeremi, vandredi 31 mas 2017.