Ayiti-Eleksyon: Lapolis Entèdi Sikilasyon ak Zam Afe sou Tout Teritwa Peyi a Pandan Jounen Vòt 20 Novanm 2016 la
Your browser doesn’t support HTML5
Polis Nasyonal la pran tout dispozisyon pou garanti sekirite moun ki pral vote nan eleksyon prezidansyèl ak lejislatif pasyèl 20 novanm yo. Enspektè jeneral, Jean St-Fleur fè konnen enstitisyon polisyè a pral aplike mezi "tolerans zero" pou tout bandi ki pran lari pou simen latroublay jou sa a.