Pitit Desalin di li Pap Rekonèt Rezilta Kap Soti nan BCEN nan

Moise Jean-Charles se kandida a la prezidans Platfòm Pitit Desalin, youn nan pati politk ki konteste rezilta eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 la.

Konsèy Elektoral Pwovizwa gen pou l pwononse l sou demand avoka kandida kontestatè pati politik Pitit Dessalines ak LAPEH fè pou mande ekate nan pwosesis verifikasyon pwosè vèbal 5 jij Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la. Asavwa: Josette Jean Dorcelly, Jean Simon St-Hubert, Agnes J. Joazeus, Jacky C. Pierre ak Joseph Briel Latice.

2 pati politik yo mande KEP pou l sispan pwosesis verifikasyon pwosè vèbal yo pwovizwaman an atadan yo pran yon desizyon final sou dosye jij yo. Mèt Evelt Fanfan, avoka k ap defann kandida Pitit Desalin nan di yo pap rekonèt rezilta k ap soti nan BCEN nan toutotan verifikasyon an pa fèt selon lwa elektoral la.

klIke sou lyen odyo a pou tande deklarasyon Mèt Fanfan an.

Your browser doesn’t support HTML5

Deklarasyon Mèt Evelt Fanfan nan mikwo Lavwadlamerik