Ayiti-Eleksyon: Jou J Mwens 14

Plizyè kandida mennen kanpay pandan wikenn nan, nan moman rete 2 semèn pou eleksyon jeneral yo dewoule. Genyen nan yo ki lanse apèl bay lapolis ak MINUSTAH pou yo ranfòse efò y ap fè pou garanti sekirite elektè yo.