Avyon Militè l’OTAN Touye yon Pitit-Gason Kolonèl Moammar Gadhafi

Vil Zlitan ki nan pati lwès peyi a

Rebèl yo nan Libi, fè konnen atak avyon militè l’OTAN lanse touye yon pitit-gason lidè libyen an, Moammar Gadhafi ak plis pase 30 moun.

Non pitit sa a se Khamis Gadhafi. Daprè deklarasyon yon pòtpawòl mouvman rebèl la fè vandredi 5 out la, atak la dewoule nan vil Zlitan ki nan pati lwès peyi a, kote lese-frape pa sispann dewoule depi kèk tan deja ant twoup gouvènmantal yo ak konbatan rebèl yo.