Nouvèl Lemond an Foto pou Mèkredi 9 Out 2017 la

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron,  (nan mitan) kap pran yon sèlfi ak yon gwoup sèvis medikal pandan li tap vizite sant sante pou ti moun yo rele Robert-Debre a nan Pari.

Yon dam kap kriye tou pre kadav yon gason ki se manm fanmi li lapolis tire ak yon bal nan tèt nan Kenya. Lapolis nan Kenya tire sou yon fou l moun ki tap joure yo nan moman eleksyon tap dewoule nan peyi a. Eleskyon yo te fini nan vyolans nan kapital Kenya a Nairobi, madi 8 out 2017 la.

Volontè pou dwa bèt nan peyi End pandan yon manifestasyon nan New Delhi.

52èm fèt nasyonal militè nan Singapore

Yon plonjè nan rejyon Devils Grotto toupre George Town sou zile Caimans

Yon fi ki kouvri ak reyon limyè nan moman yon enstalasyon atisitk yo rele an Anglè "Infiinity Room" nan Peken, kapital Lachin.

Polis paramilitè chinwa yo kap chèche sivivan apre yon tranblemandtè nan Jiuzhaigou, Ngawa pwovens Sichuan.

Yon ti bebe Bonobo ki gen yon semèn sèlman depi lifèt kap jwe ak manman li nan jaden zowolojik Planckendael a nan Mechelen, Bèljik.

Yon aktivis kap pwoteste kont pwopozisyon gouvènman an pran pou li anile lwa ki pwoteje Isiboro Park la nan La Paz, Bolivi, 8 out, 2017.

Woulo zèb nan yon jaden ki nan katye Frankfurt an Almay.