Asasina yon Kòmandan Rebèl yo nan Libi

Kòmandan Abdel Fattah Younes

Lidè rebèl yo nan peyi Libi fè konnen bandi moun pa idantifye touye ak bal kòmandan militè yo a, Abdel Fattah Younes, ak 2 lòt kolaboratè l.

Prezidan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, Mustafa Abdel Jalil, deklare jedi 28 jiyè 2011 la, mesye Younes te ak 2 kolaboratèl yo (2 kolonèl ) e li te nan wout pou l al reponn kesyon yon komisyon jiridik opozisyon an sou yon kesyon militè.