Asasen Robert Kennedy Ap Lib Sou Pawol Gras ak Sipo 2 Manm Fanmi Kennedy a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sirhan Sirhan rive pou odisyon Depatman Koreksyon ak Reyabilitasyon eta Kalifoni ki pral deside si li elijib pou pawol, 27 Out, 2021.

Sirhan Sirhan ki femen nan prizon depi de dizen lane pou asasina Senate Ameriken Robert F. Kennedy taka jwenn libete sou pawol apre 2 pitit gason defun senate a pran la pawol an fave liberasyon ni.

Desizyon sa a ke Komite Pawol Kalifoni a pran jodi Vandredi a se yon kokenn chenn viktwa pou misye ki gen 77 an kounyea, men sa pa vle di prizon an pral libere'l. "

Douglas Kennedy ki te yon ti kat kat le papa li te mouri asasinen an 1968 fe konnen li pran kriye le li tande Sirhan di li regret zak li poze a e li ajoute ke yo ta dwe lage Sirhan si yo jwenn ke li pa poze yon menas pou lavi moun.

Yon pati nan enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press