5 kandida repibliken ki rete nan kous pou La Mezon Blanch la Ozetazini patisipe nan yon deba nan sware lendi 16 janvye 2012 la, nan Eta Kawolin di Sid. Sa rive kèk jou sèlman anvan elektè eta sa a al vote nan pwochen eleksyon primè yo.
Nan deba sa a, ansyen prezidan Chanm dè Reprezantan an, Newt Gingrich, ak aktyèl gouvènè Eta Tegzas la, Rick Perry, yo tou lè 2 lanse atak sou kandida ki devan nan sondaj yo, Mitt Romney, pou di misye genyen move dosye kòm òm-dafè.
Se konsa Misye Gingrich ak gouvènè Perry lanse apèl bay elektè yo pou mande yo ouvè je yo plis sou yon konpayi Misye Romney te dirije, an palan de Bain Capital, e ki te abitye achte antrepriz pou fè yo vin pi konpetitif. Daprè Misye Gingrich, antrepriz konpayi sa a te achte yo, te vin gen gwo dèt sou do yo e finalman yo te kriye fayit.
Newt Gingrich deklare:
“Gouvèvè Romney genyen tout chans pou l reponn kesyon sa yo, pou l mete done yo ak fè reyèl yo devan nou ; e mwen panse sa fè pati responsablite misye kòm yon kandida.“
Gouvènè Perry, li menm tou, fè presyon sou Mitt Romney pou misye pibliye dosye taks li peye pou moun ka wè konbyen lajan li fè pa ane e kijan li fè lajan li posede a. Misye Perry fè konnen, kanta pou li menm, li deja pibliye dosye taks li e li kwè Newt Gingrich pral fè menmman-parèyman pi ta semèn sa a.
Gouvènè Perry di Misye Romney:
“Nou vle pou w pibliye dosye taks ou, dekwa pou pèp ameriken an kapab wè kijan ou fè lajan w.”
Pou sa ki konènen dosye Misye Romney nan konpayi Bain Capital, li deklare li fyè deske konpayi l la te envesti nan plis pase 100 biznis.
Mitt Romney di:
“4 nan konpayi nou te envesti ladan yo, se pa t biznis mwan t ap dirije; men, se envesti mwen te envesti ladan yo; yo te fin pa kreye yon afè de 120 mil djòb menmsi kèk nan biznis nou te envesti landan yo, se biznis ki pa t gen siksè epi yo fin pa pèdi travay.”
Dènye sondaj ki fèt nan Kawolin di Sid montre Mitt Romney genyen yon avans solid sou lòt kandida repibliken yo.