Ansyen Kourè Ameriken Carl Lewis Mete fen nan yon Vizit 2 Jou ann Ayiti

Carl Lewis nan Leogane , Ayiti (Food and Agriculture Organization).(AP Photo/Dieu Nalio Chery)

Ansyen kourè e olenpyen lejandè Carl Lewis mete fen madi aprèmidi nan yon misyon 24 trè nan peyi Dayiti kote li te ale kòm anbasadè bòn volonte Oganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO).

Atlèt ameriken an --k ap prepare l pou patisipe nan vil Ròm, ak plizyè lòt peyi, nan kèk kous pou atire atansyon sou grangou ki egziste atravè lemond-- te asiste yon konpetisyon espòtif entè-eskolè nan Pòtoprens. Li vizite kan koray kote li patisipe nan yon operasyon plante pye bwa.

Pandan sejou Misye Lewis nan peyi a, li te rankontre ak responsab olenpik ayisyen yo ak Prezidan Michel Joseph Martelly. Atlèt ameriken an mande kominote entènasyonal la respekte pwomès li fè pou l pote asistans ekonomik bay Ayiti nan kad rekonstriksyon peyi a apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

Reprezantan FAO ann Ayiti, Ibrahim Aritoubo, ki te patisipe nan rankont Karl Lewis avek Misye Martelly a, bay kèk detay sou chita-tande sa a nan yon entèvyou avèk Jean-Pierre Leroy.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Ibrahim Aritoubo.