Anbasadè Ameriken ann Ayiti Repete Kè-sote li Devan Enpas Politik la

Kenneth Merten

Kriz politik la ann Ayiti pwovoke enpasyans Lèzetazini ki krenn pou envestisè etranje yo pa al fè lajan yo travay nan peyi a akoz absans yon nouvo gouvènman.

Anbasadè ameriken an nan Pòtoprens, Kenneth Merten, repete enkyetid sa a pandan li t ap fè yon vizit nan vil Jakmèl lendi premye out 2011 la.