Akte William Shatner 'Kapiten Kirk' Monte nan Lespas!

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Pasaje ki te abo navet spasyal Blue Origin nan 'New Shepard' (de goch a dwat) Audrey Powers, William Shatner, Chris Boshuizen epi Glen de Vries, nan Van Horn, Texas, 13 Oct. 2021.

Ewo Star Trek la, Captain Kirk - kidonk akte Kanadyen William Shatner, monte nan lespas jodi Mekredi 13 Oktob a laj de 90 zan. Misye te gen avek li 3 lot pasaje. Navet ki transpote'l nan "frontye final la" se pwopriyete konpayi Blue Origin Jeff Bezos la (pwopriyete Amazon).

Misye se moun pi granmoun ki janm monte nan lespas. Li di li pap janm bliye eksperyans la.

GADE: Repotaj sou Vwayaj Nan Lespas Akte William Shatner

Your browser doesn’t support HTML5

Akte William Shatner Rive Nan Lespas!


Vol la te konpletman otome e li fet nan yon deze nan rejyon wes eta Texas. Navet la monte a yon distans 106 kilomet epi apre sa li re-desann sou te a. Vwayaj la dire 10 minut.

"Mwen chaje ak emosyon apre sak sot pase a. Se yon bagay ekstraodine. Ekstraodine... Mwen espere map toujou sonje moman sa a," Shatner di Jeff Bezos nan moman li tap remesye'l pou opotunite sa a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press