Afganistan: Yon Sòlda Afgan Touye 4 Sòlda Fransè

Prezidan Nicolas Sarkozy di l ap konsidere posibilite pou l fè yon retrè antisipe sòlda fransè ki nan Afganistan

La Frans anonse li sispann tout antrenman ak operasyon l ap patisipe ann Afganistan apre yon sòlda Afgan touye 4 sòlda fransè.

Prezidan Nicolas Sarkozy di l ap konsidere posibilite pou l fè yon retrè antisipe sòlda fransè ki nan Afganistan apre atak Vandredi 20 janvye 2012 la.

Responsab sekirite Afgan yo di 16 lòt moun pou pipiti blese pandan atak la. L’OTAN di yo arete sispèk la.