Pati Demokrat la Konfime John Kerry Kòm Kandida - 2004-07-29

Nan konvansyon nasyonal Pati Demokrat la, kap bout aswè a nan Boston, Massachusetts, delege ki reprezante tout eta nan inyon an ak Distri Columbia a (Washington) ratifye nominasyon John Kerry kòm kandida prezidansyèl pou eleksyon 2 novanm yo.

Lòt pwen kle nan sware mèkredi a se te diskou Sen. John Edwards, ki kandida pou plas vis-prezidan an akote Senatè Kerry. Msye Edwards repran yon tèm li toujou ap mansyone pandan kapay li a, kote li pale de 2 Etazini, 2 Amerik, youn ki pou moun rich, ak yon lòt ki pou rès pèp la.

Klike sou lyen ki nan tèt atik sa a si ou vle tande tout repòtaj nou an, ansanm ak yon depèch anvwaye spesyal nou Serge Rodriguez.