Yon Lidè Fanm Nan Miami Vizite Kan Refijye Jamayik yo - 2004-07-26

Plis pase 200 ayisyen, ki te pran kanntè apre dechoukaj rejim Lavalas la, ap tann desizyon gouvènman jamayiken an pou konnen si yap jwenn azil politik. Ayisyen sa yo ap viv nan kondisyon difisil, menmsi yo benefisye plis libète pase refijye ki fèmen nan kan Ozetazini, dapre yon lidè kominotè ayisyen nan Miami, ki te vizite kan Jamayik yo. Korespondan nou Lochard Noël ap suiv dosye a. Klike sou lyen anwo atik sa a pou w ka tande repòtaj li a.