Soti 23 jen pou rive 4 jiyè ane 2004 la, gwo festival fòlklò Smithsonian Institution nan pral dewoule nan kapital federal Etazini an, sou gwo espas vid ki relye Kongrè a ak Moniman George Washington ak Abraham Lincoln, sa Ameriken yo rele Mall la.
Nou te rankontre pèsonalite ki anchaj kokenn pwojè sa a pou Ayiti, ansyèn Premyè Dam Geri Benoît Préval.