Nouvo Manifestasyon Etudyan Anti-Aristide Dewoule Jedi  11 Desanm-nan  Nan Pòtoprens - 2003-12-11

Plizyè milye etudyan ak lòt moun nan populasyon sivil ayisyèn pran beton an yon lòt fwa ankò jedi 11 Desanm nan pou reklame depa prezidan Jean-Bertrand Aristide. Korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François Junior, di nou la polis ak yon ti gwoup OPs kraze manifestasyon an pandan li tap pran direksyon Palè Nasyonal la.