Kèk Ansyen Militè Ayisyen Denonse Fouy Lajistis ap Fè Lakay yo - 2003-08-05

Yon ansyen militè ayisyen menase pou l’ trennen devan lajistis majistra yon vil nan Nò peyi d Ayiti poutèt sa li rele fouy ilegal yo fè lakay li. Dapre yon korespondans Yves Mompremier, militè sa a se youn pami plizyè ansyen sòlda kap kritike ajisman lajistis nan komin La Victoire.