Divès sektè ki nan Lavalas la --branch nò--mande prezidan Jean Bertrand Aristide, lidè pati a, pou l’ di yon mo devan chire-pit ak divizyon kap sakaje mouvman an. Korespondan nou nan rejyon nò a, Yves Mompremier di nou, deklarasyon sa a fèt nan moman responsab Lavalas yo tap kloture yon kongrè nan vil Cap-Haitien.