Cap-Haitien: Yon Gwo Pèsonalite Legliz Katolik la Ann Ayiti Mande Pou Pèp la Mete Tèt-ansanm Pou Chèche Rezoud Kriz la - 2003-06-27

Chèf legliz katolik la lanse yon apèl bay tout sektè ki enplike nan kriz ayisyèn nan pou yo ta fè yon tèt kole, “ayisyen-ak-ayisyen” pou mete fen nan mizè pèp la. Korespondan nou nan Cap-Haitien, Yves Mompremier, di nou gen lòt sektè ki eksprime desepsyon yo devan pèsistans kriz la.