Lezetazini deside ofri stati pwoteksyon tanporè pou Ayisyen kap viv ozetazini san papye legal pou rive nan dat tranbleman’d tè 12 Janvye a. Statu espesyal sa a rele TPS. Nan yon entèvyou avek Pierre Nazon Beauliere, Mèt Georgia Thomas te bay presizyon sou kisa egzakteman statu pwoteksyon tanporè a ye.