Aksidan yon Avyon American Airlines nan Jamayik -- Pwotestasyon Opozisyon an nan Iran

Aksidan Avyon nan Lajamayik : 91 moun pou pi piti blese

91 moun pou pipiti blese apre yon avyon konpayi American Airlines fè yon aterisaj rate nan ayeropò kapital Jamayik la, Kingston, byen ta yè swa. Aparèy la, yon Boeing 737 la, ki te fè eskal Miami apre li te sòti Washington, tap chache ateri nan ayeropò International Norman Manley anba yon gwo lapli, avèk plis pase 150 pasaje ak manm ekipaj abò l. Avyon an kraze yon kloti, li travèse yon otowout avan li al echwe sou yon plaj. Yon pòt-pawòl American Airlines di yon pati nan teren aterisaj la pat fonksyone kòmsadwa epi yon motè avyon an te sot tonbe pandan aterisaj la.

-------------------------------------------------------

Mouvman Pwotestasyon Opozisyon an nan Iran

Nan Iran: Fòs sekurite-yo tonbe nan lese-frape ankò avèk manifestan ki fè pati kék gwoup opozisyon e ki patizan defen lidè relijye, Grant Ayatola Hossein Ali Mon-ta-zer-I, nan pati santral peyi-a. Daprè sa nou jwenn sou sit entènèt opozisyon-an, fòs de lòd-yo sere boulon manifestan yo nan 2 vil, Ilfahan avèk Najafabad, vil kote ayatola a te pran nesans.

Isit Washington, Depatman Deta a fè konnen manifestasyon anti gouvènmantal sa yo montre divizyon ki egziste nan mitan sosyete iranyèn nan, divizyon kap vin de plizanpli difisil pou gouvènman an jere. P.J. Crowley se asistan secrete deta ameriken pou Afè piblik. Pandan li tap bay yopn konferanspoulaprès sou afè sa a, li deklare –nap site:

«Le fèt ke genyen divizyon sa a va nan mitan sosyete iranyèn nan, e le fèt ke gouvènman an ap eseye kraze sa ak tout mwayen li genyen a la dispozisyon n, (san bliye fòs lapolis), sa montre li pa fasil pou Leta iranyen remete koulèv la nan boutèy la ankò. Montazeri sete yon pèsonalite enpòtan nan sosyete iranyèn nan. Li te defann dwa inivèsèl tout moun a travè lemond ta dwe genyen, donk, dwa tout iranyen ta dwe genyen tou.»

Daprè misye Crowley toujou, otorite Iran yo ta dwe chache satisfè doleyans nòmal sitwayen yo mete devan gouvènman an. Sitasyon :

«Se devwa, se reponsablite gouvènman iranyen an pou l satisfè aspirasyon pèp la. Genyen yon bagay kap rive kounyela nan sosyete iranyèn nan, e li difisil pou moun prevwa kijan sa pral evolye. Sepandan, moblizasyon nou wè kap devlope nan mitan pèp iranyen an, se yon bagay ki ban nou gwo preokipasyon.»

Semèn pase a, nan yon fowòm sou dwamoun ki te dewoule nan yon inivèsite nan Washington, sekretè deta Hillary Clinton te di politik Lèzetazini vizavi Iran se yon veritab "pasaj sou yon kòd rèd", paske, pandan Washington ap apiye fòs kap reklame demokrasi nan Iran, li pa ta vle minen lejitimite manifestasyon kap dewoule nan peyi a.

Jdesmara@voanews.com