Nouvo Derapman Pou Relasyon Etazini ak Larisi

<!-- IMAGE -->

Prezidan Barack Obama lanse yon apèl bay sitwayen Larisi ak Etazini pou yo patisipe nan travay pou fòje nouvo relasyon ant 2 peyi yo. Devan etidyan Nouvo Fakilte Ekonomi Moskou a, Msye Obama te deklare tou dènyèman la a, "Nou se dènye jenerasyon ki pran nesans pandan lemond te divize."

Prezidan ameriken an te ensiste sou le fèt ke rivalite ant Etazini ak Larisi a dwe rete nan lepase. Li di: "Lamerik ta renmen wè yon peyi Larisi ki fò, pezib e pwospè. Li swete mond ki vini apre Lagè Frèt la ta konsantre li sou kolaborasyon olye de konpetisyon.

Msye Obama deklare: « Nan epòk nap viv la a, nan pwen chache pouvwa ankò yon fason pou youn genyen e lòt la pèdi. Fòk pwogrè yo pataje. Se poutèt sa m' mande yon relans tounèf nan relasyon Etazini ak Larisi. Se pa ta dwe senpman yon nouvo derapman ant Kremlen an ak Lamezon Blanch, menmsi sa enpòtan. Fòk se yon jèfò k'ap kontinye, ant pèp ameriken ak pèp ris la, pou yo idantifye enterè yo pataje, epi ogmante dyalòg ak kooperasyon ki ka pare wout la pou pwogrè. »

Nan kad efò sila a, toujou dapre Prezidan Barack Obama, dirijan ameriken ak lidè ris yo deja franchi kèk pa sou wout yon kolaborasyon pou redui lasnal zam nikleyè yo e mete sekirite sou tout materyo nikleyè ki poko sou kontwòl kòm sadwa. Yo antann yo pou yo travay ansanm pou konbat ekstremis yo, e Larisi dakò pou l'kite Etazini travèse teritwa li, pou transpòte pèsonèl ak ekipman militè ki pral apiye twoup ameriken ak sòlda kowalisyon an ann Afghanistan.

Prezidan Obama siyale ke gen yon kokenn kapasite, yon gwo posiblite, pou kooperasyon ak komès ogmante ant ameriken yo ak ris yo, e li envite sitwayen 2 peyi yo fè sèvo yo travay pou ede nan jefò sila a.

Prezidan Barack Obama ak Dimitri Medvedev te diskite sou dezi yo pou gen pi plis kooperasyon pa sèlman ant 2 gouvènman yo, men tou ant 2 sosyete yo. «Nan relasyon nou youn ak lòt, n'ap chache tou pou se respè lalwa ki gide nou, ansanm ak respè dwa moun, epi tolerans pou opinyon diferan.» Deklarasyon lidè ameriken an !

Prezidan Obama rekonèt menmsi gen bon jan kolaborasyon, pral gen dezakò nan opinyon yo, sou kèk dosye trèzenpòtan. Pa egzanp, nou ka pa antann nou sou kesyon tankou entegrite teritwa peyi Jeòji, epi admisyon Jeòji ak Ikrèn nan L'OTAN. Malgre tou, nou ka chita pale franchman sou dosye sa yo, men ak respè. Epitou, nou kapab toujou chache rezoud dezakò nou yo nan lapè e yon fason pozitif.

Prezidan Obama te di gwoup etidyan sa yo nan Moskou: « Nou dwe wè ke peryòd tranzisyon nou travèse a, ap debouche sou yon epòk tou nèf, kote nasyon yo viv nan lapè youn ak lòt. Sa nan enterè Etazini, e m'kwè li nan enterè Larisi tou. » Se konsa Prezidan ameriken an te pale.