Yon Liv Prezidan Hugo Chavez Ofri Prezidan Obama Tounen Yon Bestseller nan Mwenske 24 Trè

"Les Veines ouvertes de l'Amérique Latine: Cinq siècles de pillage implacable d'un continent", liv prezidan Venezuela a, Hugo Chavez, fè prezidan ameriken Barack Obama kado pandan Somè Dèzamerik yo klase nimewo 2 nan mwenske 24 trè pami liv ki vann pi plis sou sit intenèt Amazon.com.

Liv sa a ki parèt depi 1971 te 54.295 ouvraj nan stòk "livres de poche" Amazon.com anvan mesye Chavez te remèt mesye Obama vesyon espayòl la samdi 18 avril la. Se yon kokenn "rebondisman" pou yon liv.

"Venn tou louvri Amerik Latin nan: 5 syèk piyaj yon kontinan" se èv jounalis urugueyen Eduardo Galeano.

Nan ouvraj sa a, ekriven an eseye demontre kouman puisans etranje yo (depi konkistadò espayòl yo) domine e piye resous ak richès kontinan latino-ameriken an. Li kouvri entèvansyon puisans etranje yo nan rejyon an depi konkèt espayòl yo pou rive nan 21 nyèm syèk la. Kounye a, vesyon relye "hardcover" angle Venn tou louvri Amerik Latin nan epize sou etajè online Amazon.com.

Prezidan Chavez te ofri tokay ameriken li an liv la samdi--yon liv lidè gochis yo renmen anpil--pandan chèf deta ak chèf gouvènman rejyonal yo tap rankontre nan Trinidad-Tobago pou Somè Dèzamerik yo. Mesye Obama deklare jès mesye Chavez la se yon "bèl jès", apre lidè venezuelyen an te deplase kite chèz li pou al pote liv la bay prezidan Obama epi ba' l yon ponyen-men. Prezidan Chavez menm ekri yon dedikas nan liv la pou mesye Obama ki di: "pou Obama, avèk afeksyon".

Mesye Obama di "se yon bèl jès deske l' ofri 'm yon liv. Mwen renmen lekti". Sepandan, pou mesye Chavez jès sa a plis ke yon senp kado. Li di jounalis ki tap asiste Somè a "liv sa a se yon moniman nan istwa Amerik Latin nan. Li pèmèt nou aprann listwa... e nou dwe bati sou istwa sa a."