Venezuela  Anba  Akuzasyon Kòmkwa Iran Itilize Avyon Venezuelyen pou Transpòte pyès misil nan Lasiri

Aktualite a nan rejyon Amerik Latinn nan ap mennen nou dabò nan peyi Venezuela kote Prezidan Hugo Chavez rejte yon nouvèl ki fè konprann Iran te utilize avyon venezuelyen pou transpòte nan peyi Lasiri kèk pyès pou fabrike misil. Mesye Chavez deklare yè madi a, akuzasyon sa yo fè pati de sa l rele yon “yon agresyon pèmanan” kont Venezuela. Jounal italyen La Stampa pibliye akuzasyon sa a nan yon atik ki parèt dimanch dènye kote l site sèvis ransèyman italyen an. Mesye Chavez ak prezidan iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad, pataje menm ostilite kont gouvènman Prezidan George Bush la. Iran ak Venezuela te siyen plizyè akò komèsyal.

Vyolans Nan Kolonbi : Fòs Zame Revolusyonè Kolonbi yo ( FARC) pran responsabilite pou yon atak ak bonm ki te fèt nan kòmansman mwa a e ki te pran lavi 2 travayè medikal sivil, men anvan otorite kolonbyen yo te di se te yon aksidan. Nan yon deklarasyon li pibliye madi 23 desanm nan, blòk sid FARC la admèt gwoup la te tuye 2 moun ki tap travay pou Enstitu Byenèt Familyal la, men rebèl yo di bonm nan te vize pito fòs zame kolonbyèn yo. Travayè medikal yo te pèdi lavi yo nan dat 7 desanm nan rejyon San Vicente del Caguan, nan sid Bogota. FARC di yo regrèt ensidan an.

Kontra Ant Brezil ak Lafrans : Brezil ak Lafrans siyen yon kontra strateji defans 12 milyad dola anviwon. Akò sa a kapab debouche sou premye sou-maren nukleyè nan Rejyon Amerik Latinn nan. Prezidan brezilyen an, Luiz Ignacio Da Silva alyas Lula siyen akò a madi nan Rio de Janeiro avèk tokay fransè li, Nicolas Sarkozy, ki tap fè yon vizit 2 jou nan vil la. Brezil gen pou l' achte tou nan men Lafrans 50 elikoptè transpò, mak Cougar, ke Gwoup ewopeyen Aerospace Ewopeyen ap gen pou vinn konstrui nan peyi a menm.

Salvador / Irak : Nan Salvadò, prezidan Elias Antonio Saca di peyi li ap pare pou mete fen nan prezans militè salvadòryen yo ann Irak nan fen mwa sa a. Prezidan Saca di madi, Salvadò finn ranpli misyonn nan ansyon arab la e sòlda li yo ap kite nenpòt kilè apre 31 desanm, dat rezolusyon Nasyon Zuni te otorize pou mete fen nan manda fòs koalisyon an laba a. Salvadò gen twoup ann Irak depi 2003 e ki fè pati koalisyon Etazuni ap dirije a.

Se sèl peyi nan rejyon Amerik Latinn nan ki toujou genyen twoup ann Irak.

Etazuni-Meksik / Dwòg : Responsab ameriken yo fè konnen yo arete 12 suspèk e yo kraze yon rezo dwòg ki, depi 2003, transpòte 200 tòn marijuana chak ane sòti nan vil Meksiko pou antre nan Eta Arizona. Biwo komisè gouvènman Arizona a ki publiye komunike sa a madi a, fè konnen 39 moun jwenn arestasyon yo pou feloni e preske 60 moun anba akuzasyon apre rezulta ankèt la polis te mennen. Otorite amerikèn yo presize, se rezo Garibaldi-Lopez la ki voye kagezon dwòg yo nan Phoenix , Eta Arizona, pou distribusyon an ka fèt sou tout tèritwa ameriken an.

Fè yon klik sou ralonj ki adwat atik sa a pou devlopman tit sa yo aèk jacquelin