Prezidan Bush Anonse Yon Plan 13 Milya Dola pou Sove Endistri Otomobil Etazini an

Prezidan ameriken an, George Bush, pran desizyon pou’l prete konpayi otomobil Lèzetazuni yo plizyè milya dola, yon fason pou ede yo suviv pandan ya'p fè bon jan restrukturasyon lakay yo. Sepandan, lidè ameriken an vle, kòm de retou, pou fabrikan otomobil yo fè kèk konsesyon ki ka difisil anpil. Washington ofri konpayi sa yo yon prè 13 milya 400 milyon dola... pou koumanse, epi gouvènman federal la va ajoute 4 milya dola anplis sou lajan sa a nan mwa fevriye ane 2009.

Mesye Bush deklare sitiasyon peyi Etazini ap viv jounen jodi a se yon sitiasyon eksepsyonèl. " Tan nap viv la a, se pa tan òdinè". Nou nan mitan yon kriz finansye ak yon resesyon; kite endustri otomobil la kriye fayit se pa yon desizyon responsab".

Endistri otomobil ameriken an ak konpayi kap distribye pyès otomobil e founi lòt sèvis kreye plizyè milyon djòb pou sitwayen ameriken. Msye Bush ajoute fason endustri a ap degrengole a kapab afekte travayè yo e afekte plis toujou kriz ekonomik ameriken an ki déjà an difikilte.

"Yon aksyon konsa, se prezidan George W. Bush kap pale, pral febli plis toujou mache travay la e fè kriz finansye a vin pi grav toujou. Sa ka plonje peyi a tou nan yon resesyon pilong e mete pwochen prezidan peyi a anfas yon pwoblèm li pa ta renmen nan premye jou nouvo administrasyon ni an".

Mesye Bush kontinye pou'l di tout moun ki kap travay nan endistri otomobil la, soti sou senp ouvriye, an pasan pa manadjè, pou rive sou kreditè kap bay prè yo (konpayi ki prete moun lajan yo) dwe fè kèk konsesyon pou pèmèt plan sovtaj la pote bon rezulta.

Fabrikan otomobil General Motors, Chrysler ak Ford ap negosye ak la Mezon Blanch depi plan sovtaj ekonomik 14 milya dola a te echwe nan Sena a semen pase a. Konpayi sa yo kapab kriye fayit akoz lavant otomobil yo ki ralanti sou mache tandiske yo pa gen ase lajan pou yo kontinye fonksyone