USA-Eleksyon: Senatè McCain ak Obama Ap Miltipliye Atak yo
Etazini-Politik:
Dezyèm deba ant Barack Obama ak John McCain (kandida pou plas Prezidan-an) pral
dewoule aswè a nan eta Tennessee, nan moman yo chak ap atake lòt la seryezman,
pandan Obama ap mennen nan sondaj yo.
Nan anpil eta
kote kous la sere ant 2 kandida yo, dat limit pou elektè yo te enskri pou yo ka
vote nan eleksyon 4 Novanm pwochen an se te yè Lendi 6 oktòb-la. Nan 12
eta-kle pou viktwa a, efò ki fèt pou ankouraje nouvo elektè enskri, pèmèt
responsab yo mete anviwon 4 milyon nouvo non sou rejis elektoral yo. E chif yo
montre se kandida demokrat la, Barack Obama, kap benefisye plis vòt elektè ki
pral jete bilten yo pou lapremyè fwa.
Si ou ta renmen koute repòtaj nou an, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.