Barack Obama Ogmante Avans li Sou Hillary Clinton

Senatè Barack Obama ajoute yon lòt viktwa, e plis delege, sou seri li ranpòte nan kous pou li vin kandida-a-la-prezidans Demokrat yo nan mwa novanm nan. Fwa sa a, se nan eta Mississippi li pran mayòl la ak yon gwo avans sou Hillary Clinton, swa 61-pousan vwa.

Obama ranpòte anviwon 90-pousan nan vòt nwa Mississippi yo, e gwoup sa a reprezante apeprè mwatye nan elektora a. Sepandan, lòt eta ki rete yo pa gen anpil nwa konsa. Obama, ki atire anpil blan tou, sitou pami jèn yo, pral oblije jwenn apui granmoun blan yo, ki se youn nan baz Hillary Clinton. Yon jounalis VOA di madan Clinton plase tout espwa l sou Pennsilvani, omwen pou kounye a.

Dirijan nan pati demokrat la montre kè-sote yo genyen paske plis Obama ak Clinton rete ap mennen kanpay nan eleksyon primè yo, se mwens tan kap rete pou pati a prepare eleksyon jeneral yo.

Pou w ka tande repòtaj sila a an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.