Ann Ayiti, nouvèl yo pale de gwo patisipasyon popilè nan kanaval 2008 la, kote otorite yo te pran gwo dispozisyon pou asire sekirite piblik la. Pandan chak nan 3 jou gra yo, anviwon yon milyon moun ta defile sou Chann Mas nan mitan gwo dispozitif sekirite; kèk sous di 4 mil polisye --swa mwatye efektif Polis Nasyonal Dayiti-- te prezan pou anpeche derapaj. Sanble kanaval ane sa a te yon siksè tou nan vil pwovens yo --tankou, pa egzanp, Sen Mak kote majistra a felisite popilasyon an pou patisipasyon n. Yon lòt kote, lapolis nan Gonayiv arete yon nèg pou swadizan responsablite l nan detounnman yon otobis ki te chaje ak moun mwa pase a.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.