Ayiti: Jacques Edouard Alexis ap Tann Vèdik Depite yo

Ak 22 Senatè ki vote Pou, e youn (manm OPL) ki asteni li, donk ki pa vote ditou, Premye-Minis pwopoze a, Jacques Edouard Alexis, jwenn ratifikasyon n nan Sena peyi d Ayiti.

Sepandan, lwa peyi a mande pou se tou 2 chanm nan Asanble Nasyonal la ki dakò ak nominasyon chèf gouvènman an, donk li dwe rete tann vèdik Chanm Depite yo. Vòt sa a te fikse pou mèkredi 25 me a.

Korespondan nou Renan Toussaint gen detay sou nouvèl sa a. Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w ka tande l.